Tuesday, February 23, 2010

Yon rekiperasyon ekonomik pou Ayiti, baze sou yon migrasyon pou viktim tranbleman ki sòti gran vil yo pou rive nan zòn riral yo


Kontèks ak rezime


Anpil viktim tranbleman resan nan Ayiti ap sòti Pòtoprens ak lòt vil pou ale vilaj natal yo nan zòn riral. Yon migrasyon konsa founi viktim-yo ak yon antouraj familyè pou sipòte yo pandan yo rekonstwi vi-yo, epi li redwi bezwen-an pou pwoje chè tankou rekonstriksyon vil-yo ak kanpman pou moun deplase. Pou tout sa, yon pati resous instititsyon ak ONG yo dwè ale pou sipòte migrasyon-sa-a zòn riral yo. Sipò-sa-a ta genyen eleman-sa-yo:


  • Relye gwoupman peyizan ak fanmi riral ak gwoupman ak endividi nan lavil oubyen nan kanpman moun deplase

  • Rekonpanse vilaj-yo ak lakou-yo ki resevwa viktim tranbleman, ak envestisman nan enfrastikti ak byennèt komen

  • Pwomouvwa oto-sifizans ekonomik pou viktim tranbleman relokalize yo, ak teren, sibvansyon, ak prèt pou konstwi lojman ak fè aktivite agrikòl


Yon pwoje konsa ta bezwen yon kolaborasyon ant gouvènman ayisyen lokal e nasyonal (pou kòdinasyon ak kèk investisman nan enfrastrikti), bank ayisyen mikwokredi ak komèsyal, ajans devlopman ak ONG etranje (pou sibvansyon ak lòt investisman enfrastrikti), ak endividi ak kominote ayisyen, ki ta resevwa moun deplase epi bay teren pou jaden-w-yo. Moun pi enpòtan yo se viktim-menm-yo, ki ta jwe wòl prensipal la nan retablisman oto-sifizans ekonomik pou tèt-yo.


Pwoje-sa-a ta ede pou ranvèse yon tandans ki pase depi 50 an: migrasyon masiv la moun ki sòti zòn riral yo pou ale viv nan bidonvil Pòtoprens yo. Rezilta final pwoje a se yon ranfòsman pou baz ekonomik Ayiti a, yon revitalizasyon pou zòn riral yo, ak yon Pòtoprens ki gen mwens moun men ki planifye pi bon.




Deskripsyon detaye pwoje a


  • Vilaj-yo (represante pa gouvènman minisipal, gwoupman peyizan, legliz, etc.) ta aksepte fanmi deplase ki sòti Pòtoprens ak lòt vil afekte pa tranbleman. Vilaj-la ta bay fanmi-sa-yo teren kominal ki pa itilize (yon demi-hekta pa fanmi), epi tout moun nan vilaj ta travay ansanm kèk jou pou reabilite tè-a sou teren-sa-yo (fouye fos anti-ewozyon, plante liy pyebwa ak zèb pou kenbe tè, etc.). Nòmalman moun-yo te abandone teren-sa-yo paske yo degrade anpil. Bay teren-an pou yon fanmi, pou yo okipe yo ave l pou genyen vi-yo, se yon fason pou asire tè a pral rejenere l, men premye fòk bay tè-a yon atansyon entansif pou fanmi-yo ka itilize l. Agwonòm ayisyen ka jere pwosesis rejenerasyon tè-a, epi si se nesesè kèk agwonòm etranje ak ONG ka ede ak pwosesis-la tou. Pa egzanp, Kiba gen anpil eksperyans pou “prete” agwonòm-pa-yo pou vilaj ayisyen.


  • Nan retou pou kolaborasyon-li pou bay teren epi rekondisyone tè-a pou viktim tranbleman tè yo, vilaj-la ta resevwa yon seri entèvansyon pou enfrastrikti ak byennèt komen, aplike pa ONG ak gouvènman ayisyen an. Pa egzanp, yo ka fouye yon pwen dlo potab, yo ka konstwi ou amelyore lekòl vilaj la, oubyen yo ka enstale twalèt piblik pou vilaj-la. Li ta swetab tou kontakte Earth Institute nan linivèsite Columbia, ki gen yon pwoje ki rele Millenium Villages. Yo ka aplike entèvansyon tipik pa yo: amelyore wout-yo, bay yon kamyon minisipal pou bezwen vilaj yo, bay moustikyè trete, etabli yon klinik, founi entran agrikòl yo tankou angre, etc.


  • Si yo pa patisipe nan entèvansyon standa yo ki ekri anwò, gouvènman ayisyen ak lokal yo ka akonpli yon pwoje prioritè deside pa vilaj-la, tankou yon chan futbòl oubyen yon bibliotèk. Se enpòtan ranfòse konfyans-nan ak enteraksyon-an pèp-la genyen ak gouvènman-an.


  • Objektif final se pou sivivan tranbleman yo ka konstwi kay-yo sou teren vilaj bay yo. Men an atandan, divès lakou nan vilaj ta aksepte yon fanmi sivivan tranbleman an. Lakou ki resevwa yo ta entegre fanmi-a nan lakay. Pou chak lakou ki resevwa viktim tranbleman, se pi bon si yo fanmi pa alyans ak viktim yo resevwa, men yo ka resevwa moun yo pa konnen tou.


  • Nan retou pou kontribisyon nan byennèt viktim yo, lakou-yo ki resevwa viktim tranbleman ta resevwa yon evalyasyon ak yon readaptasyon pou kay-yo pou li ka reziste lòt tranbleman ak siklón. Chak lakou ki resevwa viktim ta resevwa tou yon twalèt, ak yon prèt mikwokredi pou $500US ($3500ayisyen) pou yon pwoje agrikòl. Pou fè evalyasyon ka genyen yon ekip ekspè konstriksyon ki sòti Kolonbi. Enjennyè kolonbyen yo gen anpil eksperyans ak tranbleman tè yo, pou sa-a yo konnen konstwi kay ak materyo lokal tankou banbou, ki reziste tranbleman. Yon ONG ki spesialize nan lapwoptè ka konstwi twalèt-yo. Fonkoze ka founi prèt mikwokredi, paske li bank mikwokredi pi enpòtan an nan Ayiti. Gouvènman-an dwè bay yon garanti pou prèt-sa-yo. Fonkoze konn bay prèt pou enpe lajan, pou pwoje kout tèm tankou entrepriz komèsyal. Li ta bezwen yon sipò adisyonèl pou kapab jere risk-la ki gen andedan prèt agrikòl pi gwo.


  • Chak fanmi deplase ta resevwa yon sibvansyon ak èd pou konstwi lakay nouvo yo. Priorite-a se konstwi ak materyo natirèl ki disponib lokalman, selon yon plan ki reziste tranbleman-yo. Gran ajans imanitè-yo ak gouvènman ayisyen an ta founi sibvansyon-yo, epi ekspè kolombyen yo ak Habitat for Humanity ka travay ak fanmi viktim yo pou planifye ak konstwi lakay-yo.


  • Fanmi deplase yo ta resevwa tou yon prèt agrikòl pou $500US ($3500ayisyen). Fonkoze (petèt ak lòt bank komèsyèl), ta bay prèt-sa-yo pou gwoupman 6 fanmi, $500US chak fanmi. Gwoupman-an dwè genyen 3 fanmi deplase, ak 3 fanmi nan vilaj ki resevwa moun deplase. Premye fanmi deplase yo ta resevwa prèt-pa-yo, ak yon period 6 mwa san entere. Apre yo ranbouse pandan 6 mwa (sa vle di youn anne apre prèt inisyal), lòt 3 fanmi ta resevwa prèt-pa-yo, ak menm period 6 mwa san entere. Sa-a ankouraje tout fanmi pou kolabore, paske kredi tout moun depann sou ranbousman lòt fanmi yo. Se fanm nan chak fanmi ki ta resevwa lajan, paske yo ranbouse pi bon pase mari, epi si se fanm-yo ki kontwole lajan-an, sa-a amelyore pozisyon-yo nan fanmi-a. Yo dwè itilize prèt-yo pou achte entran ak ekipman pou akonpli yon plan agrikòl divèsifye. Moun ki resevwa prèt ta fè plan-sa-a ak yon agwonòm (pito yon agwonòm ayisyen) ki ta evalye vyabilite ekonomik ak ekolojik plan-an. An plis, chak fanmi deplase (men pa fanmi vilaj yo) ta resevwa bèt tankou kochon, kabrit, ak poul, ki founi fanmi-a ak pwodwi nitritif yo ka vann ou manje, epi an menm tan bèt-yo amelyore fètilite sòl-la ak fimye-a. Heifer International ka founi bèt-yo, epi sant CGIAR yo ka founi semans ki donnen byen menm nan kondisyon ekologik difisil.


  • Fòk fè anpil koperasyon pou adopte pwoje-sa-a. Pou patnè ayisyen riral yo, nou ka travay ak gwoupman peyizan tankou APF nan Fondwa ou MPP nan Papaye. Tandiske pou idantifye ak seleksyonne viktim tranbleman nan vil-yo ki vle patisipe nan pwoje-a, nou ka travay ak gwoupman nan katye tankou Lonè ak Respè pou Bel Air, epi ak gwoupman kap fòme yo nan kanpman pou moun deplase. Mwen mansyone deja kèk kolaboratè posib ant ONG entènasyonal, men si nou te etann pwoje-a nan anpil vilaj, li ta pi bon si ONG-sa-yo ta jwenn epi ansenyen ayisyen lokal pou fè travay-yo pou fouye pwen dlo, pou evalye lakay, pou bay konsey agrikòl, etc. Deja gen anpil viktim tranbleman ki te sòti vil-yo pou viv nan zòn riral. Sa fè pwoje pi fasil pou fè paske li deja kòmanse. Idealman li ta posib konfime tout moun kap benifisye nan pwoje-sa-a se vreman viktim tranbleman yo ye. Nou ka verifye sa-a ak yon rejis viktim yo (si gouvènman oubyen ONU a te fè yon rejis konsa), oubyen nou ka tcheke kat didantite oubyen lòt dokiman pou verifye moun-yo te rete Pòtoprens ou lòt vil afekte pa tranbleman.


  • Pwoje-sa-a pou sipòte migrasyon pou viktim tranbleman, nou ka eseye l premye nan yon seksyon kominal riral ak apèpre 8000 moun. Si yon zòn konsa te resevwa 500 fanmi (apèpre 2000 moun) ki sòti Pòtoprens, sa ta ogmante popilasyon-an 25%, pou genyen 10000 moun olye 8000 nan seksyon-an. Yon estimasyon jenere pou pwoje-sa-a se yon kout $5000US ($35000ayisyen) pa fanmi deplase. Gouvènman ayisyen an, ONG etranje, ak ajans entènasyonal ta pataje kout-sa-a. Se enpòtan sonje kout-sa-a ta sifizan pou relokalize yon fanmi, asire mwayen ekonomik li, ak amelyore lojman, lapwoptè, ak mwayen ekonomik pou lakou-a ki resevwa tanporalman fanmi-sa-a, epi amelyore kondisyon enfrastrikti pou vilaj an jeneral. Donk li ta koute $2.5M US ($17.5M ayisyen) pou relokalize 2000 moun epi amelyore radikalman lavi pou 8000 moun riral (anpil moun riral-sa-yo viktim tranbleman tou). Yon baz pou konpare kout-la se estimasyon Habitat for Humanity te fè. Yo bay yon kout $2500US ($17500ayisyen) pa fanmi, sèlman pou konstwi yon lojman tanporè. Lè nou konsidere sa-a, kout-la pou pwoje-pa-nou pa chè ditou.


  • Si pwoje pilot la te reyisi nan yon vilaj, nou ta kapab etann li vè lòt vilaj pou fè li yon pwogram nasyonal. Repete pwosesis migrasyon sipòte a nan 250 vilaj ta relokalize preske katriyèm pati popilasyon Pòtoprens nan, li ta koute $500M US ($3500M ayisyen), epi li ta pòte devlopman ak enfrastrikti pou preske mwatye a kominote riral yo nan Ayiti. Sa-a ta konplimante pwoje-yo ajans entènasyonal ak gouvènman Ayiti a pral fè pou rekonstriksyon ak èd pou popilasyon-an kap rete Pòtoprens. Pwoje-nou ta atènye presyon popilasyon nan vil-la, epi li ta kreye yon peyisaj riral revitalize ki ka sèvi tankou founisè ak achtè pwodwi ak sèvis nan kapital-la. Rezilta final se yon amonizasyon pou relasyon ki gen ant kapital-la ak pwovans-yo, epi yon kwasans ekonomik nasyonal baze sou yon fondman solid agrè. Epi tout sa-a pral koute anpil mwens ke pri total rès repons ijans nan Ayiti.

No comments:

Post a Comment